DOKIMAN KI NESESÈ POU YON MOUN MANDE FÈ YON PASPÒ
Paspò a se yon dokiman pou pèmèt moun vwayaje. Pou ka jwenn li, moun kap mande la dwe bay orijinal dokiman ki nan lis ki anba a:
Premye paspò (granmoun)
Ekstrè Achiv Nasyonal oswa Batistè (ak 2 kopi ke moun ka li fasil)
Kat Idantite Nasyonal (CIN) (Li pa obligatwa)
Nimewo Enskripsyon Fiskal (NIF), ke DGI bay (li pa obligatwa)
4 foto koule 2 x 2 kigen fon blan
Pwa (Konbyen ou pese) ak wotè.
Anplis de dokiman ke yo mande la, lè yon moun marye oubyen te marye, men sa w ap
bezwen:
Tout non maria oswa madanm lan, dat ak peyi kote maria fet oswa madanm
nan, li dwe baytou dat maryaj la
Sètifika maryaj orijinal la pou fanm marye;
Sètifika divòs la, sise fanm divòse;
Sètifika lanmò mari a, si se fanm ki gen mari l mouri,
Renouvèlman paspò (granmoun)
Nan ka sa yo:
Paspò ki fini
Chanjman nan enfòmasyon pèsonèl (si genyen)
Men papye yo mande:
Ekstrè Achiv Nasyonal la oswa batistè a (ak 2 kopi ke moun ka li fasil);
Kat Idantite Nasyonal (CIN) (Pa obligatwa);
Enskripsyon fiskal (NIF), delivre pa DGI la (Pa obligatwa)
4 foto koulè 2 x 2 ki gen fon blan;
Kopi premye paj paspò ki fini a;
Nan ka paspò paj li fini, orijinal la obligatwa.
Paspò pou minè
Prezans timoun nan oswa adolesan obligatwa lè yo vin mande fè paspò a. Men pyès nou
dwe pote:
Ekstrè Achiv Nasyonal la oswa batistè a (ak 2 kopi ke moun ka li fasil);
Enskripsyon fiskal (NIF), ke DGI bay (pa obligatwa);
4 foto koulè 2 x 2 ki gen fon blan
Youn nan paran minè a oubyen moun ki responsab timoun nan devan lalwa ou moun
ke paran yo bay manda devan yon notè pou fè paspò a, dwe siyen yon otorizasyon
devan Konsil lan pou fè paspò a. Papye sa a ap koute di dola meriken ($ 10).
Moun ki akonpaye minè a dwe mache ak paspò li.
DOKIMAN KI NESESÈ POU YON MOUN MANDE YON BATISTÈ OUBYEN YON
EKSTRÈ ACHIV
Dokiman yo mande pou fè yon batistè (pou timoun ki gen ant 0 a 3 zan)
Papye Junta Central Electoral remèt paran an ak yon kopi
Papye lopital kote timoun nan fèt la ak yon kopi (ke yo rele papye kabann). Papye sa obligatwa
Paspo oubyen kat elektoral r manman oswa papa timoun nan ak yon kopi
Kopi paspò oubyen kat electoral +2 temwen.
Pou yon moun mande yon ekstrè achiv, men sal bezwen :
Yon kopi akdenesans li. Anbasad la oubyen Konsila ap voye fèl nan Direksyon Jeneral Achiv Nasyonal ki Potoprens. Ekstrè ya koute senkant ($50) dola Ameriken.
Ekstrè achiv ki te fet anvan ane 2000 pa valab pou fe paspo. Se yon lot ekstrè ki pou
fèt.
NOU DI AK TOUT PARAN KI FÈ PITIT ALETRANJE
Daprè Konstitisyon Peyi Dayiti, tout timoun ki fèt aletranje, swa papa yo oswa manman
se ayisyen, dwe deklare nan Anbasad oubyen Konsila Ayisyen ki pi pre a, pou yo ka jwenn
yon akdenesans ki ka pèmèt yo fè lòt dokiman kou we paspò.
LIS PRI PASPÒ
NAN ANBASAD AK KONSILA AYISYEN NAN SENDOMENG
TIMOUN
Paspò pou timoun ap dire 5 kan, li koute…………US$ 70.00
Paspo ijans timoun koute…………US$ 130.00
(ljans US$ 30.00 plis frè pou fè chèk US$ 30.00)
Paspò ekstrèm ijans timoun koute…………US$ 160.00
(ekstrèm ljans US$ 60.00 plis frè pou chèk la US$ 30.00)
Otorizasyon paran an, koute…………US$ 10,00
GRANMOUN
Paspo pou granmoun ap dire 10 zan, li koute…………US$ 140.00
Paspò ijans granmoun koute…………US$ 200.00
(ljans US$ 30.00 plis frè pou chèk la US$ 30.00)
Paspò ekstrèm ijans granmoun koute…………US$230.00
(ekstrèm ljans US$60.00 plis frè pou chèk la US$ 30.00)
LI TAP BON POUN KONNEN KE
Paspò ijans yo ap pare sou 20 jou, san konte samdi, dimanch ak lot jou nan semenn lan ki pa gen travay
Paspo ekstrèm ijans ap pare sou 15 jou, san konte samdi, dimanch ak lot jou nan semènn lan kin pa gen travay
Tout lot Paspo ap livre aprè 3 mwa
Svp koman mka vérifié si paspò m nan sou sistem nan
Bonswa Mwen salye Nou nan non jezi ki gen tout pouvwa a Mwen fè yon paspò depi avril 2024 Mwen pajanm jwenn li. Non se unis Mylove
Bondye beniw mw fè yon depi noviembre 2023 mw pa jan,m Ka jwenn
Objet : Demande d’information sur la disponibilité de mon passeport
Monsieur/Madame l’Ambassadeur,
Je me permets de vous adresser ce message afin de savoir si mon passeport est disponible à l’ambassade d’Haïti à République dominicaine Santiago
J’ai fait ma demande le 28 novembre 2023 et jusqu’à présent, je n’ai pas reçu de notification concernant sa disponibilité. Je souhaiterais donc savoir s’il est prêt à être retiré.
Voici mes informations :
• Nom : Dorival Roberson
• Numéro : 51020
• Date de dépôt de la demande : 28 novembre 2023
Je vous serais reconnaissant de bien vouloir me tenir informé à ce sujet. Merci d’avance pour votre aide et votre collaboration.
Dans l’attente de votre réponse, veuillez agréer, Monsieur/Madame l’Ambassadeur, mes salutations distinguées.
Dorival…
Buenas tardes,mi nombre es Valentina La france,solicité mi pasaporte desde el 25 de enero del año 2024 y aún no me han dado respuestas he hido hacia la embajada de Santiago y la única respuesta que me han dado es que espere 60 meses y eso es un año, no puedo esperar 5 años así de la nada esperando un pasaporte y sin poder estudiar ni siquiera trabajar,yo quiero ser alguien el día de mañana y sin estudios no eres nada y tampoco vales mucho entonces como esperan tener una solución para acabar con los asaltos,pandillas,etc porque al no tener la oportunidad no tienes más opciones de caer en malos pasos. Espero que tomen conciencia de eso y por eso…